Skip to content Skip to main navigation Skip to footer

FNE ap peye pwofesè PROSGATE yo depi 3 zan e li p ap kanpe.

Ref : FNE/DC/2023/004

KOMINIKE POU LAPRES

Fon Nasyonal Edikasyon ap peye pwofesè PROSGATE yo depi 3 zan, e li p ap kanpe.

Pòtoprens 4 mas 2023. Fon Nasyonal Edikasyon (FNE) ap anonse anseyan PROSGATE yo, apati madi 7 mas la, gen viman lajan k ap fèt sou kont Direksyon depatmantal Edikasyon Grandans, Sid, ak Nò pou yo kapab touche. Pandan tout mwa mas la, youn apre lòt, FNE ap kontinye fè viman pou lòt 7 depatman yo (Latibonit, Nodès, Nodwès, Sidès, Nip, Sant ak Lwès). Avan 31 mas 2023, pwosesis la ap gentan fini paske tout depatman yo ap gen tan jwenn kòb pou peye direktè lekòl, anseyan, gadyen, menajè, ki nan pwogram nan.

FNE toujou pare pou debloke lajan pou peye pèsonèl anseyan yo k ap fè anpil sakrifis pou fòme elèv yo nan tout peyi a. Li remèsye yo pou pasyans yo. Gen yon premye kòb ki te gentan debloke pou eliminasyon frè eskolè obligatwa yo. Pèman anseyan yo pran yon ti tan paske rapò finansye direksyon depatmantal yo te voye vini sou dekèsman ki te fèt deja yo te nan verifikasyon.

N ap raple PROSGATE gen ladan li Pwogram nasyonal lekòl kominotè yo (PRONEC) ak Pwogram eskolarizasyon inivèsèl gratis obligatwa a. Se yon estrateji Leta mete sou pye pou fasilite tout timoun ale lekòl, epi jwenn bon kalite edikasyon. Objektif la se rive fè tout timoun soti nan laj 6 pou rive 12zan, nan tout peyi a, ale lekòl gratis nan 2 premye sik fondamantal yo. PROSGATE gen 2 pati ladan l : yonn ki peye pwofesè ki sou kontra ak Ministè Edikasyon ak Fòmasyon Pwofesyonèl ; lòt la ki peye frè eskolè pou timoun ki nan menm pwogram sa yo. Konsa paran yo pa peye yon goud.

FNE mete lajan disponib pou peye pèsonèl anseyan yo ak frè eskolè nan PROSGATE la. Se yon pwosesis ki gen plizyè etap ladan kote chak aktè ki konsènen nan chenn nan gen wòl pa yo pou yo jwe. Nou jwenn diferan etap sa yo :

  1. Ministè Ledikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonel (MENFP) siyen kontra ak manm pèsonèl anseyan yo ;  
  2. Tribinal ki kontwole tout lajan Leta epi ki regle tout kòz anplwaye Leta yo (CSC/CA) bay avi sou kontra yo ;
  3. Ministè a voye lis moun ki sou kontra yo bay FNE ;
  4. FNE, avèk lis la ki gen kantite lajan ki pou peye, transfere lajan an bay Direksyon depatmantal yo ki responsab pou peye dirèkteman moun k ap bay sèvis yo tankou direktè lekòl, anseyan, gadyen, menajè, elatriye…
  5. Direksyon depatmantal yo voye rapò pèman yo bay ministè a ak FNE;
  6. FNE verifye si tout dokiman yo korèk avan li repati pou pèman yon lòt ane.

Tout aktè yo ap travay pou pwosesis la pran mwens tan, yon fason pou pèsonèl anseyan yo ka touche pi rapid.

Ledikasyon n ap kore, lavni n ap asire.

-FEN-

Kontak :
Sèvis Près FNE
E-mail : [email protected]
Telefòn : (509) 22 58 0159

Commentaire

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Remonter la page