Skip to content Skip to main navigation Skip to footer

Pou Anseyan yo, 5 oktòb la, se chak jou!

Toupatou nan mond lan, dat 5 oktòb la se yon okazyon ki raple nou, chak ane, responsabilite nou devan anseyan nou yo. Ewo ak Ewoyin sa yo pa sèlman transmèt konesans bay pitit peyi a, se yo menm menm ki bati lavni, ki ap klere lespri jenerasyon k ap vini yo.

Selebrasyon sa a gen yon enpòtans espesyal pou Fon Nasyonal Edikasyon (FNE), ki gen yon manda klè pou finanse edikasyon an Ayiti. Se vre, FNE konstwi bon jan lekòl pou timoun yo kapab aprann nan bon kondisyon, men tou li kontribye nan peye yo epi li finanse fòmasyon yo. Nou rekonèt wòl poto mitan pwofesè yo ki gen responsabilite pou fòme sitwayen konsekan, ki va pèmèt nasyon an kanpe djanm demen.

Anseyan yo, se aktè prensipal transfòmasyon sosyal anndan peyi a. Yo angaje tan yo, talan ak konesans yo, malgre kondisyon yo pa toujou fasil, pou pataje pen lenstriksyon ak devouman. Pou ane 2022-2023 a, FNE debouse 909,656,000.29 Goud pou finanse Pwogram Espesyal Lekòl Gratis (PROSGATE), Nan pwogram sa a FNE peye pwofesè yo, nan kat kwen peyi a. Men nou konnen, travay la pa gen pri.

Nan okazyon Jounen Mondyal Anseyan yo, Fon Nasyonal Edikasyon (FNE) angaje l pou l kontinye apiye travay Anseyan yo, epi kontribiye pou pèmèt yo devlope konpetans pwofesyonèl yo. Nou envite chak Ayisyen, chak Ayisyèn, an Ayiti tankou nan dyaspora a, retire chapo pou salye travay Anseyan yo, ki konsakre lavi yo pou pèmèt chak timoun jwenn bon jan edikasyon.

Commentaire

Pas encore de commentaires

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Remonter la page