Skip to content Skip to main navigation Skip to footer

Diskou direktè jeneral FNE a, nan dat madi 11 avril 2023

Diskou Direktè jeneral FNE, Jean Ronald Joseph, nan kad seremoni inogirasyon Lekòl Nasyonal Matelière, nan dat madi 11 avril 2023

Monsieur le Ministre de l’Education Nationale et de la Formation Professionnelle,
Membres du cabinet ministériel
Messieurs les Secrétaires Généraux
Monsieur / Madame la secrétaire d’Etat
Messieurs les Directeurs Généraux
Monsieur le Directeur Départemental,
Membres du conseil d’école
Messieurs et Mesdames les enseignants et personnels des établissements
Cadres de l’administration publique, en particulier MENFP et FNE
Madame et messieurs les parents
Chers élèves,

Jodi a se ak anpil kè kontan melanje ak satisfaksyon nou menm nan Fon Nasyonal pou Ledikasyon (FNE) ap patisipe nan inogirasyon Lekòl Nasyonal Matelière nan komin Kapotiy.

Se yon lekòl ki pran nesans nan lane 2008, li te yon lekòl kominotè, li te akeyi sèlman 80 elèv, nan lane 2010, li vin pase a 200 elèv, lè li pote non Centre d’Education Communautaire Mont-Carmel de Capotille. Nan lane 2016, Leta ayisyen pral mete lekòl la sou lobedyans li epi transfòme l an lekòl nasyonal, se lè sa li pral pote non li genyen jounen jodi a kise École Nationale Matelière.

Ane yo pase, batiman ki loje lekòl la kòmanse delabre, li pa t ka kenbe ankò, kidonk Leta ayisyen nan lane 2020 deside atravè Fon Nasyonal Ledikasyon rekonstwi lekòl la. Jounen jodi a men rezilta, yon lekòl nasyonal konplè ki layite sou yon sipèfisi 2 064 mèt kare, ki genyen 14 sal pami yo 11 sal klas ak 3 sal pou administrasyon, li gen tou 2 blòk sanitè ak yon rezèvwa dlo ki ka resevwa 10000 galon. Pou ane 2022-2023 lekòl la rive akeyi 321 elèv.

Gwo travay sila n ap gade la, koute Leta ayisyen 74,009,961.01 goud, lajan sila se dola senkant Leta ayisyen pran sou transfè dyaspora yo, n ap tou pwofite remèsye frè ak sè nou k ap travay di nan dyaspora pou ede sila yo ki ann Ayiti, se gras ak yo Fon Nasyonal pou Ledikasyon (FNE) rive konstwi ak reyabilite anpil lekòl nan peyi a epi soutni ledikasyon nan divès lòt domèn.

École Nationale Matelière, se yon premye pa, rès travay la nan men kominote a, komite lekòl la ki pral jere lekòl nan tout sans pou pèmèt timoun kominote a jwenn bon ledikasyon k ap pèmèt yo vin sitwayen fòme, konsekan pou ede peyi yo demen. N ap mande chak moun nan Kapotiy pran reskonsablite yo nan jesyon espas la, elèv yo tou n ap mande yo kenbe lekòl la pwòp, pa kraze materyèl yo, byen jere patrimwàn sila.

Nou menm nan FNE, pou anpil moun ki pa konnen, travay nou se sipòte ledikasyon nan peyi a, nou gentan reyalize anpil travay, n ap kontinye misyon nou nan ranfòse ledikasyon, k ap pèmèt nou konsolide lavni.

Mèsi !

Commentaire

Pas encore de commentaires

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Remonter la page