Skip to content Skip to main navigation Skip to footer

Discours du DG du FNE à l’inauguration de l’école nationale Olivert Vincent

Monsieur le Ministre de l’Education Nationale et de la Formation Professionnelle,
Membres du cabinet ministériel
Messieurs les Secrétaires Généraux
Monsieur / Madame la secrétaire d’EtatMessieurs les Directeurs Généraux
Monsieur le Directeur Départemental,
Membres du conseil d’école
Messieurs et Mesdames les enseignants et personnels des établissements
Cadres de l’administration publique, en particulier MENFP et FNE
Madame et messieurs les parents
Chers élèves,

Jodi a se ak anpil kè kontan melanje ak satisfaksyon nou menm nan Fon Nasyonal pou Ledikasyon (FNE) ap patisipe nan inogirasyon Lekòl Nasyonal Olivert Vincent Baptiste nan seksyon kominal Gens-de-Nantes ki twouve l nan komin Wanament.

Se yon lekòl ki pran nesans nan lane 1979, lè sa li te pote non «‘École Mixte Bon Samaritain de Carrefour Baptiste », li te yon lekòl kominotè. Nan lane 2013, Leta ayisyen pral mete lekòl la sou lobedyans li epi transfòme l an lekòl nasyonal, se lè sa li pral pote non li genyen jounen jodi a kise École Nationale Olivert Vincent de Baptiste.

Pandan tout tan sa yo batiman an ki te gentan gen plis pase 30 lane te kòmanse delabre, li pa t reponn ak nòm yo ankò, kidonk Leta ayisyen atravè Fon Nasyonal Ledikasyon te deside nan lane 2021 rekonstwi l.   Jounen jodi a men rezilta, yon lekòl nasyonal konplè ki chita sou yon sipèfisi 3 225 mèt kare, ki genyen 14 sal pami yo 11 sal klas ak 3 sal pou administrasyon, li gen tou 2 blòk sanitè ak yon rezèvwa dlo ki ka resevwa 10000 galon. Pou ane 2022-2023 lekòl la rive akeyi 437 elèv : 241 fi et 196 gason.

Gwo travay sila n ap gade la, koute Leta ayisyen 55,241,037.52 goud, lajan sila se dola senkant Leta ayisyen pran sou transfè dyaspora yo, n ap tou pwofite remèsye frè ak sè nou k ap travay di nan dyaspora pou ede sila yo ki ann Ayiti, se gras ak yo Fon Nasyonal pou Ledikasyon (FNE) rive konstwi ak reyabilite anpil lekòl nan peyi a epi soutni ledikasyon nan divès lòt domèn.

École Nationale Olivert Vincent de Baptiste, se yon premye pa, rès travay la nan men kominote a, komite lekòl la ki pral jere lekòl nan tout sans pou pèmèt timoun kominote a jwenn bon ledikasyon k ap pèmèt yo vin sitwayen fòme, konsekan pou ede peyi yo demen. N ap mande chak moun nan Gens-de-Nante pran reskonsablite yo nan jesyon espas la, elèv yo tou n ap mande yo kenbe lekòl la pwòp, pa kraze materyèl yo, byen jere patrimwàn sila.

Nou menm nan FNE, pou anpil moun ki pa konnen, travay nou se sipòte ledikasyon nan peyi a, nou gentan reyalize anpil travay, n ap kontinye misyon nou nan ranfòse ledikasyon, k ap pèmèt nou konsolide lavni.

Mèsi !

Commentaire

Pas encore de commentaires

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Remonter la page